Ale nan kontni prensipal la

Sitwèb ofisyèl yo sèvi ak .gov
Yon sitwèb .gov fè pati yon òganizasyon ofisyèl gouvènman Etazini.

Sitwèb .gov ki gen bonjan sekirite sèvi ak HTTPS
Yon kadna ( ) oswa https:// vle di w konekte an tout sekirite sou yon sitwèb .gov. Pataje enfòmasyon sansib sèlman si se sitwèb ofisyèl sekirize yo.

Eleksyon prezidansyèl primè 2024 la pral òganize nan tout 50 Eta ak teritwa yo pou chwazi kandida ki pral reprezante pati politik yo nan eleksyon prezidansyèl jeneral la. Tcheke dat ak dat limit ki pwograme yo pou Eta w ak pati politik ou an(ann Anglè).

Deklarasyon sou aksesibilite

Sou vote.gov, nou angaje nou pou garanti aksesibilite. Politik nou se pou veye pou tout moun jwenn aksè konplè sou resous vòt yo, ikonpri moun ki andikape, menmjan ak tout moun. Sitwèb vote.gov la ap apiye l sou sèten teknoloji pou asire li fonksyone byen ak zouti pou ede moun andikape jwenn aksè nan enfòmasyon sou wèbsayt yo. Teknoloji sa yo gen ladann HTML, WAI-ARIA, CSS ak JavaScript. Yo rann sit la fasil pou itilize ak lektè ekran, loup ekran, lojisyèl ki rekonèt vwa moun ak lòt teknoloji asistans.

Kontni

Deklarasyon sou aksesibilite

Ekip vote.gov la angaje li pou kreye yon sitwèb ki aksesib pou tout elektè yo, ikonpri moun ki mal pou wè, mal pou tande oswa ki gen difikilte pou itilize yon òdinatè oswa ki gen pwoblèm koyitif oswa pwoblèm pou aprann. N ap eseye atenn tou moun ki mal desèvi yo tankou moun lang prensipal yo pa Anglè. Aksesibilite se yon efò san pran souf, epi n ap eseye amelyore sit nou an nan kontinye bay anplwaye yo k ap redije kontni nou yo, kreye dokiman nou yo, epi konstwi wèbsayt nou an, fòmasyon regilyèman.

Kijan n ap sipòte epi prezève aksesibilite

Nou asire aksesibilite vote.gov gras ak mwayen ki annapre yo:

  • Teste kontni yo manyèlman pou verifiye aksesibilite klavye a ak lektè ekran an;
  • Itilizasyon tit seksyon semantik pou òganize kontni yo;
  • Pèmèt moun itilize klavye a pou jwenn aksè tout lyen ak tout pati entèaktiv wèbsayt lan;
  • Ikonpri fonksyonalite "pase pou al nan kontni prensipal la";
  • Ajoute yon kòd nan lyen ekstèn yo pou anonse "ouvèti yon nouvèl fenèt" pou lektè ekran an;
  • Founi tèks detaye pou imaj, ikòn ak logo yo;
  • Fè moun reyèl fè tradiksyon kontni yo pou rive founi kontèks ak eksperyans itilizatè a;
  • Pèmèt itilizatè yo re-dimansyone tèks selon preferans yo.

Nòm yo

Nou konsevwa paj Wèb nou yo yon fason pou nou respekte oswa depase nòm seksyon 508 (ann Anglè) yo, ki se egzijans teknik ki garanti n ap konfòme nou ak lwa federal seksyon 508 lan. Nou konfòme nou tou pa rapò ak direktiv W3C a konsènan aksesibilite kontni Wèb yo (WCAG) 2.1, ki kapab konsilte sou wèbsayt W3C (ann Anglè) an. N ap reponn ak nòm nivo AA yo, kivedi kontni nou aksesib pou pifò moun nan pifò sikonstans.

Konsiltan ak Tès

Nou anboche yon ekspè konsiltan endepandan pou fè odit san rete gras ak tès otomatize, tès manyèl pou evalye epi amelyore aksesibilite.

Konpatibilite

  • vote.gov konpatib ak pifò nan navigatè Entènèt yo, espesyalman Chrome, Firefox, Edge ak Safari.
  • Li posib pou gade kontni vote.gov yo sou yon esmatfòn, yon tablèt, yon konpitè pòtab oswa sou yon òdinatè biwo.

Èd, fidbak ak plent fòmèl yo

Voye yon imèl pou nou nan adrès Section508-vote@gsa.gov si w gen nenpòt kesyon, kòmantè oswa plent ofisyèl konsènan aksesibilite vote.gov la. Epitou w kapab ranpli fòm ki anba la a. Ekip nou kapab reponn kesyon, kòmantè oswa preyokipasyon ou yo ann Anglè ak Panyòl.

Lè w kontakte nou, endike:

  • Adrès wèb la ki rele tou URL la. Yon URL tipik gen dwa prezante konsa: http://example.gov/index.html oswa https://www.example.gov/example;
  • Aparèy ak navigatè w ap itilize a pou jwenn aksè sou vote.gov;
  • Teknoloji asistans w ap itilize a, si w gen youn;
  • Yon deskripsyon pwoblèm la ak tout enfòmasyon ki pa aksesib yo.

Remake: N ap siveye sit Section508-vote@gsa.gov la pandan lè biwo nòmal yo lendi rive vandredi, menm lè ak sou Kot Lès Etazini, sof pou jou ferye oswa lè biwo administrasyon federal la fèmen.

Pou w kapab jwenn èd pou plis aksesibilite, ranpli fòm ki anba la a ann Anglè oswa an Panyòl.

Si w gen nenpòt kesyon, kòmantè oswa w vle pote plent ofisyèlman konsènan kontni aksesibilite vote.gov la, voye yon imel nan Section508-vote@gsa.gov.

Paj sa a te revize epi aktyalize an jiyè 2023.

Retounen